Photo of woman with floral pattern shirt, yellow wall background

Ke'onna Frazier

Be Strong International logo, green color
Ke’Onna se yon animatè paran pou The Childen’s Trust Parent Club nan Be Strong International. Li anseye paran jan pou yo pwoteje pitit yo sou rezo sosyal nan idantifye fason jèn nou yo kapab itlize rezon sosyal zouti, li ba yo resous ki ka ede yo kenbe zye sou aktivite jèn yo an liy, ansanm ak lide sou jan pou montre timoun ki pi bon fason yo ka itilize rezo sosyal.

Pataje

Share on facebook
Share on twitter
Share on email
Share on facebook
Share on twitter
Share on email
Share on whatsapp

The Children’s Trust ak asosye l yo ap ofri yon atelye GRATIS an liy pou gwoup paran sa a ki rele Parent Club.
Klike la a pou w anrejistre pou atelye k ap vini

Pwoteje jèn nou yo sou rezo sosyal

Pou kiyès li ye?

Videyo sa a se pou paran, responsab legal on timoun, nenpòt moun ki jwe yon wòl nan lavi on timoun, tankou sipèvizè, matant, tonton e menm kouzen, depi yo gen 18 an oubyen plis. Videyo a pral bay enfòmasyon sou ki sa paran dwe konnen sou rezo sosyal pitit yo, tankou ki laj ki apwopriye pou rezo sosyal, konbyen èdtan yo rekòmande pou yon jèn pase sou rezo sosyal, kèk lide pou aprann timoun yo jan pou yo responsab lè y ap sèvi ak rezo sosyal, epi idantifye fason ki pou kenbe timoun yo sennesof lè yo an liy.

Ki sa ki ladan?

  1. Resous pou paran sou fason pou yo kenbe zye sou aktivite timoun yo an liy
  2. Idantifye diferan kont sou rezo sosyal yo
  3. Bon kote ak move kote rezo sosyal yo
  4. Ki jan pou byen itilize rezo sosyal yo kòm zouti oswa resous
  5. Estatistik sou moun k ap itilize rezo sosyal chak jou ak ki sa yo telechaje
  6. Fo pwofil / Paj ki se espam
  7. Foto ak Videyo
  8. Repitasyon an liy
  9. Danje ale an liy
  10. Ki jan pou bay yon bon egzanp nan fason pou itilize rezo sosyal

Ale pi ba pou w ka wè lòt videyo GRATIS sou bon fason pou leve timoun!

Be Strong International logo, white color

Konsèy pou leve jenn moun ak sans responsablite

Kounye a w’ap kite sitwèb StayHome.Miami la.

Konnen ke lè ou sòti sou sitwèb sa, enfòmasyon ou yo pa sou pwoteksyon nou ankò. The Children’s Trust pa responsab pou kalite enfòmasyon ke lot sitwèb ki afilye ak li yo ap ofri nou. Adrès lyen ki mennen ou sou lot sitwèb sa yo pa vle di ke nou andose yo.

Tanpri Klike sou ‘OK’ pou nou ale sou nouvo sitwèb la, oswa klike sou ‘Cancel’ pou retounen kote ou te ye a.

Britto coloring book, multi-color

Si w ap viv nan konte Mayami-Ded, The Children’s Trust ansanm ak Romero Britto ap twò kontan voye on liv pou desine pou pitit ou GRATIS.

Yon ti nòt souple: Dapre lwa nan Florida, adrès imèl se dosye piblik. Si w pa ta vle adrès imèl ou devwale sizoka gen yon demann dosye piblik pou sa, pa voye imèl bay enstitisyon an oswa pa bay imèl adrès ou. Ou kapab swa rele biwo nou swa ekri nou yon lèt pito. Nou voye liv sèlman bay moun k ap viv nan konte Mayami-Ded.

Britto coloring book, multi-color

Kòmanse pase bon moman ak liv pou desine Romero Britto fè gratis

Yon ti nòt souple: Dapre lwa Florida, Imèl ou se yon rekò piblik li ye. Si w pa ta vle nou bay imèl ou si yo ta mande, pa voye imèl ba nou oubyen ba nou li. Pito w kontakte biwo nou pa telefòn oubyen yon lèt.