Sant pou kontwol maladi (CDC) gen yon paj entènèt espesyal ki bay enfòmasyon sou Kowonaviris, mizajou ak konsèy. Klike la a
Paj entènèt sou Kowonaviris Miami-Dade County a gen mizajou tou ansanm yon lis lòt resous. Klike la a
Paj entènèt sou Kowonaviris Depatman Sante Florida. Klike la a
Komisyon eskolè Mayami-Ded gen yon paj entènèt sou Kowonaviris tou, ansanm ak yon Gid pou paran sou nouvo viris sa a. Klike la a
Èd pou granmoun aje: Depatman Florida pou Granmoun ajeTelefòn espesyal pou sa: 1.800.96.ELDER (800.963.5337). Responsab swen sante san limit.

Kenbe bon sante nan moman kriz: Ranfòse sante emosyonèl timoun yo Klike la a

Resous sou aprantisaj a distans pou elèv ak pwofesè Klike la a

Gid resous konplè pou elèv ak pwofesè Klike la a

Parent Academy gen anpil resous ki disponib nan lekòl piblik konte Mayami-Ded.

Share

Share on facebook
Share on twitter
Share on whatsapp
Share on email

More subjects

Veye fwod ak kowonaviris

Veye moun k ap eseye pran avantaj akoz lapèrèz ak distraksyon ki genyen nan moman sa a

Yon videyo ki montre on vòlè ki pran plizyè ekipman pou teste kowonaviris, se youn nan pi move reyaksyon pandan pandemi sa a. Men sa pa ta sipoze siprann nou twòp e an verite sa a se yon bon rapèl pou nou rete veyatif toutan, espesyalman lè tout atansyon nou rete sou kriz n ap viv la ase.

Pandan pandemi kowonaviris la montre gen bon moun — tankou moun ki konprann youn lòt, moun ki sousye youn pou lòt ak moun ki montre sans reponsabilite pou byen sosyete a — an menm tan tou sitiyasyon kriz la montre gen move moun k ap chèche pran avantaj sou lòt moun ki p ap veye e ki vilnerab. Eksperyans nou ak siklòn tou tan ak tout sitiyasyon difisil siklòn konn kreye, sa fè moun ki nan sid Florida prepare pou konbat moun k ap fè fròd,eskwokri, mache nwa, ak lòt kriminèl k ap chèche pase sou nou, etan n distrè nan lòt bagay. Malgre eksperyans sa yo, nouvo sitiyasyon sanzatann pandemi a kreye a ka lakòz nouvo defi pran plas.
Apa de vòlè san konsyans sa a ki te pran ekipman pou tès enpòtan sa yo, gen plizyè rapò sou lòt moun ki pran pòz yo se ajan sante ofisyèl ak reprezantan FEMA k ap chèche antre kay moun pou yo vòlè. Nan sid Florida gen rapò ki deja fèt sou ka pi ba yo:
  • Apèl k ap mande moun enfòmasyon (nimewo sekirite sosyal, enfòmasyon sou kont an bank, eks.) pou yo ka resevwa chèk gouvènman an oubyen on chans pou yo fè tès kowonaviris pou yo.
  • Frape pòt kay moun e fè kòmsi y ap travay nan depatman lasante oubyen lòt ajans, pou yo ka antre lakay ou.
  • Voye imèl oubyen fè reklam an liy pou vann ekipman pou tès kowonaviris oubyen lòt produi ki an rapò ak viris la.
“Depatman lasante pa pral kay pèsòn. Pèsonn reprezantan depatman an pa pral frape pòt kay ou pou wè si gen moun ki gen viris la, kon sa si yon moun ta fè sa, pa ouvri pòt ou, rele polis”. Se chèf Polis Mayami an Jorge Colina ki di sa sou WSVN.
Semèn pase, pwokirè jeneral ameriken an William Barravèti pèp la pou yo veye eskwokri sa yo:
  • Moun oswa biznis k ap vann fo remèd pou KOVID-19 an liy epi ki lage nan lòt kalte fwod.
  • Emèl espam ki soti nan sèten konpayi ki fè tèt yo pase kòm Òganizasyon mondyal lasante oswa Sant pou kontwol ak prevansyon maladi.
  • Sit entènèt malveyan ansanm ak aplikasyon ki swadizan ap voye enfòmasyon sou kowonaviris oswa lòt pou yo ka gen aksè nan aparèy yo epi yo bloke tout aksè pa w jiskake w rive peye yo vre.
  • Òganizasyon charite ki pa legal oubyen ki pa egziste k ap chèche donasyon.
  • Founisè nan domèn medikal ki pran enfòmasyon pasyan pou fè tès KOVID-19 pou yo men ki sèvi ak enfòmasyon sa yo pou voye bil ba yo pou lòt kalte tès ki pa t janm fèt.
Menm jan KOVIS-19 la pi danjere moun ki pi aje, se kon sa kriminèl yo pi fò fwa chwazi menm gwoup moun sa yo pou yo vòlè. Men kèk fason nou ka evite tonbe nan pyèj moun sa yo:
  • Toujou mande pou wè kat idantite moun ki di y ap travay pou gouvènman an.
  • Pa janm ouvri pòt pou etranje ki pa idantifye epi prezante yon pyès idantite kòm prèv. E menm si yo ta idantifye tèt yo, pa ouvè pòt ou e si sa posib pale avè yo dèyè pòt ou fèmen.
  • Pa bay moun ou pa konnen enfòmasyon pèsonèl ki ka idantifye w.
  • Mefye w de nenpòt moun ki di yo gen aksè pou fè tès pou ou oubyen medikaman pou vann ou.
Menm si panchan natirèl nou se fè moun konfyans epi rete akeyan pandan move moman, nou dwe konsyan gen lòt moun nan kominote nou k ap eseye pran avantaj nan nenpòt sitiyasyon. Toutotan n ap viv nan tan restriksyon ak kontwòl ki nesesè yo mete sou sosyete a, fristrasyon ak kolè ogmante epi ou mèt rete kwè gen plis moun k ap chèche fason pou yo pran avantaj sou sitiyasyon an. Rete veyatif!

Pwofite de mòd lavi ki tounen nouvo nòmal la, lakay ak timoun yo

Kounye a w’ap kite sitwèb StayHome.Miami la.

Konnen ke lè ou sòti sou sitwèb sa, enfòmasyon ou yo pa sou pwoteksyon nou ankò. The Children’s Trust pa responsab pou kalite enfòmasyon ke lot sitwèb ki afilye ak li yo ap ofri nou. Adrès lyen ki mennen ou sou lot sitwèb sa yo pa vle di ke nou andose yo.

Tanpri Klike sou ‘OK’ pou nou ale sou nouvo sitwèb la, oswa klike sou ‘Cancel’ pou retounen kote ou te ye a.

Britto coloring book, multi-color

Si w ap viv nan konte Mayami-Ded, The Children’s Trust ansanm ak Romero Britto ap twò kontan voye on liv pou desine pou pitit ou GRATIS.

Yon ti nòt souple: Dapre lwa nan Florida, adrès imèl se dosye piblik. Si w pa ta vle adrès imèl ou devwale sizoka gen yon demann dosye piblik pou sa, pa voye imèl bay enstitisyon an oswa pa bay imèl adrès ou. Ou kapab swa rele biwo nou swa ekri nou yon lèt pito. Nou voye liv sèlman bay moun k ap viv nan konte Mayami-Ded.

Britto coloring book, multi-color

Kòmanse pase bon moman ak liv pou desine Romero Britto fè gratis

Yon ti nòt souple: Dapre lwa Florida, Imèl ou se yon rekò piblik li ye. Si w pa ta vle nou bay imèl ou si yo ta mande, pa voye imèl ba nou oubyen ba nou li. Pito w kontakte biwo nou pa telefòn oubyen yon lèt.