Sant pou kontwol maladi (CDC) gen yon paj entènèt espesyal ki bay enfòmasyon sou Kowonaviris, mizajou ak konsèy. Klike la a
Paj entènèt sou Kowonaviris Miami-Dade County a gen mizajou tou ansanm yon lis lòt resous. Klike la a
Paj entènèt sou Kowonaviris Depatman Sante Florida. Klike la a
Komisyon eskolè Mayami-Ded gen yon paj entènèt sou Kowonaviris tou, ansanm ak yon Gid pou paran sou nouvo viris sa a. Klike la a
Èd pou granmoun aje: Depatman Florida pou Granmoun ajeTelefòn espesyal pou sa: 1.800.96.ELDER (800.963.5337). Responsab swen sante san limit.

Kenbe bon sante nan moman kriz: Ranfòse sante emosyonèl timoun yo Klike la a

Resous sou aprantisaj a distans pou elèv ak pwofesè Klike la a

Gid resous konplè pou elèv ak pwofesè Klike la a

Parent Academy gen anpil resous ki disponib nan lekòl piblik konte Mayami-Ded.

Share

Share on facebook
Share on twitter
Share on whatsapp
Share on email

More subjects

Tan san fen pou ti goute!

Kontwole ti goute tanzantan timoun ou yo ap ran pandan blokaj akoz Kowonaviris la

Sa pa ta dwe etonan pou n aprann moun vin achte plis kantite ti goute tankou pòpkòn, pretzèl ak chip pòmdetè, pandan pwopagasyon Kowonaviris la nan kòmansman mwa mas, dapre NPR . Men, menm se tout nasyon ann antye k ap eseye plati koub la akoz viris sa a, kon sa tou fanmi ou ta dwe eseye diminye enfliyans sèten ti goute ki pa menm bon pou sante. Menm lè sèten ti goute ka bon pou timoun yo paske yo ka kenbe yo ak yon ti enèji ant repa regilye yo, twòp ti goute sitou ak manje ki pa bon pou sante n kapab deranje vant nou epi lage n nan kouri. Men, si timoun yo jwenn bon manje nòmal nan lè nòmal, ti goute ka jwe yon wòl enpòtan nan jere grangou timoun yo, nna ranfòse nitrisyon epi ba yo yon bagay pou yo fè pandan tout tan y ap pase anndan nan kay la. Yon ti goute timoun yo jwenn nan bon moman an kapab menm kenbe timoun ki pi piti yo pou yo pa vin tèlman grangou, yo vin ap fè degoutan. “Li enpòtan pou yo mete konsiy sou fason timoun yo dwe pran ti goute, menm jan tou ak fason pou yo manje manje regilye pandan tout jounen an. Se kon sa ni timoun ni granmoun p ap abize fason y ap pran ti goute yo”. Sa a se pawòl Lana Chehabeddine, kowòdonatè pwogram pou FLIPANY, ki gen misyon pou batay kont obezite timoun ak anvi manje yo. Sa ka fèt nan konsantre nou sou preparasyon manje ki bay sante, ki sennesof, sou edikasyon fizik ak bon aniwònman nan plas travay nou. Kòm anpil nan ti goute timoun plis resevwa konn pa gen twòp valè pou nitrisyon, li enpòtan pou ou asire w ou fè bon chwa nan ti goute w ap bay timoun nan.

Ti goute sansib

Moman pou pran ti goute se yon bèl opòtinite pou ogmante kantite fwi ak legim timoun yo manje, dapre yon etid an 2019 ki te dekouvri timoun ki manje ti goute ant 2 repa, yo ka tou jwenn fwi ak lòt eleman ki bon pou sante, yo te ka pa jwenn otreman. Pou moun ki difisil nan chwazi ti goute, yo ka pran fwi ak legim epi matche yo ak pwodui ki fèt ak lèt oubyen pwodui ki ranple sa k fèt ak lèt (tankou rezen ak fwomaj), pwoteyin san gra (tankou seleri ak manba) oswa sereyal ak gren antye ansanm ak pen (tankou sandwich fig ak pen gren antye). Li pi fasil pou fè ti goute rapid, ki bay sante lè ou kenbe yon seri manje ki bay sante sou lamen nan kay la, byenke sa ka yon defi pou jwenn yo achte toutan tout kote pandan pandemi an. Nan lide sa a, nou ka pale de diferan kalite legim kri ak fwi, tranpe yogout, oumous ak baton fwomaj. “Anpil manje ki chaje nourisan (tankou vitamin, pwoteyin, fib) se bèl bagay pou ti goute”, dapre sa Chehabeddine eksplike. “Sa gen ladan yon varyete manje fre — tankou pwa gous ak piman zwazo ki tranpe nan oumous oswa salsa fre — ak lòt manje tankou yon ponyen nwa miks, fwi sèk, pwa chich griye, pòpkòn, oliv ak alg seche.

Planifye moman yo se sa ki kle

Se pa sèlman yon kesyon ki ti goute ou bay timoun nan — se sitou ki lè ou ba li l, dapre ekspè yo. “Vant timoun pi piti e yo pa ka manje menm kantite manje avè n pou chak repa, kon sa yo dwe manje pi souvan”. Sa a se eksplikasyon dyetetisyèn Elizabeth Davenport nan New York Times.

“Yon timoun ki toujou ap mande pou yo ba l ti goute, se plis kapab akoz l ap grandi epi l grangou. Ba li manje ak ti goute dapre jan w planifye sa pou tout jounen an, men tou atann ou aske timoun yo kapab mande plis ti goute pase anvan akoz y ap pase plis tan lakay yo. Yon prensip san fay se ba yo ti goute kèk èdtan apre yon repa epi ba yo yon lòt apeprè youn a dez èdtan anvan pwochen repa a. “Yon konsèy itil: lè w fè sa kon sa, li pèmèt yo jwenn yon ti goute ant de repa. Men si sa pa mache, ou ka kite timoun nan pran sèten ti goute ki bay sante (tankou fwi ak legim fre) kantite fwa yo vle, depi se pa nan menm lè ak repa nòmal yo.” Se sa Chehabeddine ki reprezante FLIPANY esplike. Menm lè sa, ou dwe veyatif konsènan ki kantite timoun yo ap pran. Chehabeddine sijere pou fè timoun yo bwè anpil dlo pou kenbe vant yo plen epi y ap mande mwens ti goute! Li di tou pou n mete ti goute yo nan yon bòl oswa yon lòt veso, olye pou w kite timoun nan annik chire pake a epi manje l. “Lè kon sa, li difisil pou konnen ki kantite yo vrèman manje. Kontwole kantite pou yo manje chak fwa, se kle! ”

Sote sa ki djanni yo

Malgre sa pi fasil pou n jwenn, ti goute yo prepare pou timoun epi y ap fè reklam pou yo pa gen anpil bagay nourisan e souvan yo mete pwodui chimik ki danjere ladan yo. Pou mòd manje sa yo ka gen bon gou, manifaktirè manje yo ajoute gwo dòz sik ladan yo, e dapre plizyè etid ki fèt, yo pwouve sik gen konsekans dramatik danjere sou sante nou, tankou maladi maladi kè obezite, kansè ak dyabèt. “Pami ti goute pou n evite bay timoun nou, nou jwenn sa ki gen yon lis engredyan byen long ak engredyan nou pa rekonèt oswa nou pa menm konnen ki jan pou n pwononse yo”, dapre sa Chehabeddine di. “Chwazi ti goute ki make ‘gren konplè’ (whole grain) olye de sa ki make ‘anrichi ak farin’ (enriched flour), nan tèt lis engredyan yo. Evite sa ki gen nenpòt kalite siwo sik ak lwil idwojene. Ou bezwen sèten ti goute ou achte yo pa sèlman yon blòk kalori (gen anpil kalori, pa gen anpil vitamin ak nourisan) epi yo gen valè nitrisyonèl (tankou vitamin, pwoteyin, fib). Pou anpeche gad manje nou chaje ak ti goute tou prepare, fè timoun yo jwe yon wòl aktif nan diskisyon sou rezon yo pa wè divès kalte ti goute pou yo ta chwazi. Fè yo patisipe nan desizyon sou ki ti goute yo vle. Pou sa fèt, montre yo enpòtans ki genyen pou nou li lis engredyan ki nan manje sa yo, e sa ka tou ba yo bon abitid pou lavi.

Kounye a w’ap kite sitwèb StayHome.Miami la.

Konnen ke lè ou sòti sou sitwèb sa, enfòmasyon ou yo pa sou pwoteksyon nou ankò. The Children’s Trust pa responsab pou kalite enfòmasyon ke lot sitwèb ki afilye ak li yo ap ofri nou. Adrès lyen ki mennen ou sou lot sitwèb sa yo pa vle di ke nou andose yo.

Tanpri Klike sou ‘OK’ pou nou ale sou nouvo sitwèb la, oswa klike sou ‘Cancel’ pou retounen kote ou te ye a.

Britto coloring book, multi-color

Si w ap viv nan konte Mayami-Ded, The Children’s Trust ansanm ak Romero Britto ap twò kontan voye on liv pou desine pou pitit ou GRATIS.

Yon ti nòt souple: Dapre lwa nan Florida, adrès imèl se dosye piblik. Si w pa ta vle adrès imèl ou devwale sizoka gen yon demann dosye piblik pou sa, pa voye imèl bay enstitisyon an oswa pa bay imèl adrès ou. Ou kapab swa rele biwo nou swa ekri nou yon lèt pito. Nou voye liv sèlman bay moun k ap viv nan konte Mayami-Ded.

Britto coloring book, multi-color

Kòmanse pase bon moman ak liv pou desine Romero Britto fè gratis

Yon ti nòt souple: Dapre lwa Florida, Imèl ou se yon rekò piblik li ye. Si w pa ta vle nou bay imèl ou si yo ta mande, pa voye imèl ba nou oubyen ba nou li. Pito w kontakte biwo nou pa telefòn oubyen yon lèt.