Si ou pa t reponn envitasyon pa lapòs pou ranpli kesyonè resansman an an liy o kòmansman, ou ta sipoze resevwa yon kesyonè sou papye and 8 avril ak 16 avril pa lapòs, avèk yon anvlòp ki deja peye pou w ka tounen kesyonè a.
Malgre nouvo reyalite tout Ameriken ap andire, resansman 2020 toujou rete ak menm enpòtans li: si yo pa konte w, li pi difisil pou vwazinay ou, vil, konte ou ak eta ou jwenn kantite finansman ak pwogram federal yo ta dwe jwenn ansanm ak reprezantasyon egzak yo bezwen nan Kongrè a. Yo sèvi ak kantite moun yo konte nan vwazinay ou pou yo detèmine tout bagay, kòmanse sou konbyen reprezantan zòn ou an genyen nan Kongrè, fini ak ki magazen, bank, makèt ak lòt kòmès ki bezwen ouvri nan kominote a.
Ede bati yon pi bon demen pou tout moun
Ou gen dwa ap mande èske resansman an ofri okenn avantaj pou ou ak fanmi ou epi nan ki sa pou sa ta konsènen w nan tan ensètitid sa yo? Gen kalkil ki fèt apati de resansman an ki montre finansman yon vil resevwa kapab diminye jiska 1 445 dola pa tèt chak ane pou chak moun yo pa konte. Sa vle di pou yon fanmi ak twa timoun – gwoup demografik ki gen mwens chans pou yo konte yo kon sa – sa te vle di se prèske 4 500 dola finansman Mayami ap pèdi si kont lan pa fèt byen. Koune a, sèlman miltipliye montan sa a pou plizyè milye moun yo pa ta rive konte, dapre sa moun panse ki te pase an 2010 nan resansman an.
Si yo pa rive konnen tout kantite moun ki genyen, sa kapab gen move konsekans, men lè yo konnen byen kantite moun ki genyen, sa kapab fè katye w la jwenn bon bagay. L ap gen kantite lekòl li bezwen, kantite estasyon ponpye li bezwen, ansanm ak wout, plas piblik ak lopital yo bati nan zòn nan.
Resansman an detèmine kantite egzak lajan pou sipòte edikasyon, swen sante, lojman, wout, plas piblik, lekòl ak lòt pwogram enpòtan tankou Medicaid, SNAP, Head Start, eksetera. An vrè dola, sa fè prèske 45 milya dola finansman atravè Florida.
Li fasil, li sennesof, li konfidansyèl
Akoz sa enpòtan pou yo kapab konte chak grenn moun, kèlkeswa laj yo, Biwo resansman ameriken an rann li fasil plis yo kapab. Gen divès fason pou fè resansman, tankou an li, nan telefòn, pa lapòs oubyen an pèsòn nan yon kyòsk nan biwo lapòs yo, nan bibliyotèk oswa sant sant kominotè, depi yo ouvè. Resansman an disponib tou nan 13 lang an liy oubyen telefòn, avèk fòm ki disponib ann angle ak panyòl, avèk gid nan 59 lòt lang.
Resansman an fasil, men tou li sennesof paske enfòmasyon yo se nan Biwo resansman an yo dwe rete, dapre lalwa. Te gen kèk enkyetid konsènan lide Resansman an ta va mande moun pou yo di èske yo se sitwayen ameriken oubyen non, men sa p ap fèt ane sa a. An reyalite, Biwo resansman an pa kab devwale okenn enfòmasyon ki ka idantifye yon moun, yon fanmi oswa menm yon biznis ni bay lapolis ni bay ajans federal ni bay menm yon prezidan.
Te gen kèk dezenfòmasyon k ap sikile ki te fè konprann moun ki ranpli kesyonè resansman an t ap resevwa chèk nan men gouvènman federal la, sa se pa vre. Resansman pa gen okenn rapò ak kesyon sa a.
Epitou menm lè enpòtans ak sekirite resansman an ta dwe sifi pou ankouraje tout moun pou patisipe, li enpòtan tou pou chak moun konprann se yon devwa sivik sa a ye pou peyi kote y ap viv la. Kanpe pou fè yo konte w nan kominote w. Se patisipasyon pa w pou pèmèt kominote a, konte a, eta a ak peyi sa a jwen pi bon enfòmasyon posib sou kantie moun k ap viv nan chak zòn. Plis bagay nou konnen, se plis nou ka atake pwoblèm ki devan n yo.
Yon gid ki ka itil sou enfòmasyon ki nan Resansman ameriken an
KESYON MOUN MANDE SOUVAN
Ki sa resansman ye?
Pou ki sa li enpòtan?
Ki jan ou ka patisipe nan resansman an?
Òganizasyon ak resous
- Resansman Etazini 2020: paj ofisyèl gouvènman ameriken pou tout sa w bezwen konnen sou resansman ameriken. Li disponib nan 59 lang. https://2020census.gov, ask.census.gov oubyen rele nan 301.763.INFO (4636) oswa 800.923.8283
- Mayami-Ded ap konte: Yon efò kolaborasyon ant bayè fon lokal ak nasyonal pou ede konte chak moun nan Mayami-Ded https://miamicensus.org
- Paj akèy konte Mayami-Ded pou resansman 2020 an https://www.miamidade.gov/global/census2020/home.page%C2%A0