Sant pou kontwol maladi (CDC) gen yon paj entènèt espesyal ki bay enfòmasyon sou Kowonaviris, mizajou ak konsèy. Klike la a
Paj entènèt sou Kowonaviris Miami-Dade County a gen mizajou tou ansanm yon lis lòt resous. Klike la a
Paj entènèt sou Kowonaviris Depatman Sante Florida. Klike la a
Komisyon eskolè Mayami-Ded gen yon paj entènèt sou Kowonaviris tou, ansanm ak yon Gid pou paran sou nouvo viris sa a. Klike la a
Èd pou granmoun aje: Depatman Florida pou Granmoun ajeTelefòn espesyal pou sa: 1.800.96.ELDER (800.963.5337). Responsab swen sante san limit.

Kenbe bon sante nan moman kriz: Ranfòse sante emosyonèl timoun yo Klike la a

Resous sou aprantisaj a distans pou elèv ak pwofesè Klike la a

Gid resous konplè pou elèv ak pwofesè Klike la a

Parent Academy gen anpil resous ki disponib nan lekòl piblik konte Mayami-Ded.

Share

Share on facebook
Share on twitter
Share on whatsapp
Share on email

More subjects

Eksplike timoun yo sa distans sosyal ye

Montre timoun yo ki jan pou yo fè bagay n ap aprann jiskensi

De mwa de sa, ou te kapab panse byen fasil pawòl “distans sosyal” se jis yon pawòl fantezi pou ranplase mo “fantom.” Men koulye a, sanble distans sosyal fofile kò l nan tout pati nan lavi nou. Akòz ekspansyon kowonaviris la (KOVID-19), timoun yo ak fanmi yo twouve yo nan yon sitiyasyon nouvo pèsonn pa t prevwa. Li lè pou paran yo egzaminen nouvo nòmal pou sosyalize a, san n pa fè timoun yo pè nan mouvman an.

Pale sou distans sosyal

Si granmoun twouve sa deja difisil pou yo fè fas ak nouvo nòmal la ki pote izolasyon, imajine ki jan pitit yo dwe santi yo. Bon jan fason pou jwe wòl paran se rapwoche plis de timoun yo epi ba yo plis afeksyon. Sètènman, timoun yo dwe pa fin twò konprann pou ki sa yo pa kapab ansanm ak zanmi yo oswa nan lekòl yo yo. Se pou sa li enpòtan pou eksplike yo itilite distans sosyal.

Eksplike timoun ou yo distans sosyal vle di rete lwen lòt moun jiskaske danje pou trape KOVID-19 la vin sou kontwòl. Pou timoun ki pi gran yo, montre yo tablo sou “plati koub la” ka ede yo konprann sa distans sosyal vle di. Eksplike yo menm lè nou pa konnen konbyen tan sa pral pran pou kantite moun ki enfekte vin diminye, sa nou konnen sèke n ap viv yon moman kritik kote nou dwe swiv tout konsiy ekspè nan domèn lasante yo, kòm kontribisyon pa nou.

Men pou timoun ki pi piti yo, gen ekspè ki mande pou n pa ba yo twòp detay sou sa ki lakoz distans sosyal la. Doktè Melissa Brown nan Sant medikal University of Pittsburg di pou n bay nouvèl la yon fason senp ak pozitif. “Timoun yo pa bezwen konnen tout detay sa yo”, dapre Doktè Browni. “(Annik di) nou pa soti al jwe ak lòt timoun paske nou vle kontamine yo ak mikwòb nou, nou vle tout lòt moun rete an sante.”

Èske pa okenn mwayen pou n al jwe ak lòt moun?

Yon repons byen kout se wi! “Sa ki pi sennesof la se jis evite tout lòt moun pou moman kounye a”, dapre sa Doktè Sean O’Leary, yon manm egzekitif komite pou maladi enfektye anndan Akademi ameriken pedyatri, di nan New York Times. Te gen yon moman, mennen timoun al jwe ak lòt se te yon aktivite sosyal enpòtan nan lavi anpil paran ak timoun yo, kounye a se youn nan bagay pandemi an plis frape. Si ou gen timoun pitit, hen chans pou yo deja mande w mennen yo al jwe deyò.

Menm si timoun yo pa moun ki plis ka trape sentòm KOVID ki pi di yo, men gen menm plis chans pou yo pase l bay lòt moun pi vit. Manaas Mantravadi, yon doktè nan Indianapolis, te di nan emisyon The Today Show, diferans ant timoun ak granmoun sèke gen mwens chans pou timoun yo respekte prensip ki tabli pou frennen jan viris la ap pwopaje. Li te di lè timoun al jwe ak lòt, yo pral toujou kapab suiv prensip sis pye distans CDC a, pou frennen viris la. Doktè a di: “Nou pa oblije pran chans sa a anndan sosyete nou an. Distans sosyal se faktè ki pi enpòtan, ki pi detèminan noumenm, kòm paran, ka kontwole pandan pandemi KOVID-19 sa a.”

Nan pwen sa a, pi fò majorite ekspè konseye pou yo pa kite timoun patisipe nan okenn kalite aktivite sosyal epi yo sijere pou n limite kontak ak lòt sof pou ti gwoup piti fanmi oswa zanmi. “Mwen pa panse nou ta dwe fè rasanbleman enfòmèl. Mwen pa panse moun yo ta dwe mennen piti yo al jwe ak lòt”. Se sa Doktè Niran Al-Agba, yon pedyat nan Washington, eksplike nan USA Today.

Tan timoun pase devan ekran yo ka ede n adousi izolasyon sosyal la

Avèk lòd ki pase nan tout peyi a pou n rete lakay — kounye a 82 pousan nan peyi a resevwa lòd pou yo rete lakay — se yon bagay ki inevitab tèt timoun yo san lè pati lè yo pa ka kontinye rankontre ak kanmarad yo. Pandan moman san parèy sa yo, ekspè yo konseye paran pou yo konsidere fè chanjman nan règleman abityèl yo te genyen sou valè tan timoun yo kapab pase devan ekran yo lè yo lakay. Jenny Radesky, otè rekòmandasyon sou tan ekran pou timoun, ki parèt an 2016 nan Akademi ameriken pou pedyatri, di Washington Post Paran jodi a bezwen rekonsidere desizyon yo sou tan ekran pou pitit yo. “Se yon fason ki vrèman fè sans pou n sèvi ak teknoloji nan kontèks n ap viv la kote timoun yo santi pèt sa a nan kominote lekòl yo, yon semèn oubyen de semèn de sa yo te genyen. “Menm jan ak pi fò bagay, menm gen aplikasyon pou timoun jwe ak lòt.  cheke 4 fason sa yo pou òganize yon tan jwèt vityèl ak lòt timoun. Se rekòmandasyon nou jwenn sou sit entènèt Chicago Parent. Caribu se petèt jwèt vityèl ki pi popilè sou entènèt epi li menm gratis pandan pandemi an.

Pwofite de mòd lavi ki tounen nouvo nòmal la, lakay ak timoun yo

Kounye a w’ap kite sitwèb StayHome.Miami la.

Konnen ke lè ou sòti sou sitwèb sa, enfòmasyon ou yo pa sou pwoteksyon nou ankò. The Children’s Trust pa responsab pou kalite enfòmasyon ke lot sitwèb ki afilye ak li yo ap ofri nou. Adrès lyen ki mennen ou sou lot sitwèb sa yo pa vle di ke nou andose yo.

Tanpri Klike sou ‘OK’ pou nou ale sou nouvo sitwèb la, oswa klike sou ‘Cancel’ pou retounen kote ou te ye a.

Britto coloring book, multi-color

Si w ap viv nan konte Mayami-Ded, The Children’s Trust ansanm ak Romero Britto ap twò kontan voye on liv pou desine pou pitit ou GRATIS.

Yon ti nòt souple: Dapre lwa nan Florida, adrès imèl se dosye piblik. Si w pa ta vle adrès imèl ou devwale sizoka gen yon demann dosye piblik pou sa, pa voye imèl bay enstitisyon an oswa pa bay imèl adrès ou. Ou kapab swa rele biwo nou swa ekri nou yon lèt pito. Nou voye liv sèlman bay moun k ap viv nan konte Mayami-Ded.

Britto coloring book, multi-color

Kòmanse pase bon moman ak liv pou desine Romero Britto fè gratis

Yon ti nòt souple: Dapre lwa Florida, Imèl ou se yon rekò piblik li ye. Si w pa ta vle nou bay imèl ou si yo ta mande, pa voye imèl ba nou oubyen ba nou li. Pito w kontakte biwo nou pa telefòn oubyen yon lèt.