Sa pa fasil pou nou an karantèn akoz kowonaviris la — epi nou pa ka wè zanmi n ak fanmi n — espesyalman pou granparan ak pitit pitit yo. Akoz KOVID-19 la deranje plan granmoun aje yo, sa pi enpòtan pase avan pou n kenbe distans sosyal.
Bon nouvèl la sèke gen anpil fason nou ka toujou rete an kontak pou n pa pèdi koneksyon familyal sa a. Erezman gen yon pakèt chwa pou n kominike ak videyo (egzanp Skype, FaceTime, WhatsApp, Google Duo Video) san n pa bliye bon vye telefòn nou tou. Tan difisil mande solisyon ki gen kreyativite; Sa k vin apre yo se solisyon byen fasil pou n rete pwòch malgre nou lwen youn lòt.
Achievement of the day: successfully speaking to my grandparents! They have been locked out of Skype for over a month, had never used google hangouts and I had to explain everything entirely by email. But it worked! pic.twitter.com/pfHOe3i9Z1
— Dr Jemima Tabeart (@jemimatabeart) April 15, 2020
Jwe jwèt ansanm. Planifye yon dat pou Words with Friends oswa UNO, pou pèmèt gran paran yo jwe ak pitit pitit yo a distans.
Mete yon gwoup pou lekti sou pye. Yon jou pou timoun nan chwazi yon liv; yon jou pou granparan an chwazi youn. Epi fè youn li pou lòt chak fwa (tou depan de laj la). Pou plis varyete, ajoute lòt manm fanmi an nan gwoup sa a.
Voye yon kat oubyen yon lèt. Ki moun ki pa renmen resevwa yon bagay pa lapòs? Voye lèt youn bay lòt — ak tenm lapòs! (nou sonje tenm?) — se yon bon fason pou timoun rete an kontak ak granparan yo. Ankouraje timoun yo desine yon bagay oswa ekri kichòy sou jounen yo.
Rele pa telefòn. Menm lè konferans videyo se yon bon bon bagay, pa gen anyen ki ka pran devan yon apèl telefòn tankou nan tan lontan.
Di yon ti alo depi nan ale machin nan. Si nou rete pre youn lòt, fè yon ti kondi, desann vit machin nan pou n voye men n di alo nan ale a oswa nan koub la.
Fè timoun yo sonje sitiyasyon sa a pa la pou anpil tan. Fè yo konnen y ap kab pase tan ak granparan yo ankò, yon fwa viris la diminye oubyen sispann.