Sant pou kontwol maladi (CDC) gen yon paj entènèt espesyal ki bay enfòmasyon sou Kowonaviris, mizajou ak konsèy. Klike la a
Paj entènèt sou Kowonaviris Miami-Dade County a gen mizajou tou ansanm yon lis lòt resous. Klike la a
Paj entènèt sou Kowonaviris Depatman Sante Florida. Klike la a
Komisyon eskolè Mayami-Ded gen yon paj entènèt sou Kowonaviris tou, ansanm ak yon Gid pou paran sou nouvo viris sa a. Klike la a
Èd pou granmoun aje: Depatman Florida pou Granmoun ajeTelefòn espesyal pou sa: 1.800.96.ELDER (800.963.5337). Responsab swen sante san limit.

Kenbe bon sante nan moman kriz: Ranfòse sante emosyonèl timoun yo Klike la a

Resous sou aprantisaj a distans pou elèv ak pwofesè Klike la a

Gid resous konplè pou elèv ak pwofesè Klike la a

Parent Academy gen anpil resous ki disponib nan lekòl piblik konte Mayami-Ded.

Share

Share on facebook
Share on twitter
Share on whatsapp
Share on email

More subjects

Kenbe timoun yo aktif pandan KOVID-19

Kit se anndan oubyen deyò, kenbe kò yo aktif se yon bagay ki posib pandan pandemi a.

Menm si nou oblije ret nan kay, sa pa yon rezon pou n kite KOVID-19 estope nou pou n asire n timoun yo rete an sante. Non sèlman rete aktif ak boule kalori enpòtan pou byennèt nou, men sa ap ede nou kont twòp ajitasyon epi pou n pa twò santi n prizonye kat mi yo.

Rete a distans pandan pandemi KOVID-19 lan pa fasil pou pèsòn, espesyalman pou timoun yo. Olye de rekreyasyon, tout aktivite ak jwèt yo te konn fè aprè lekòl pou te kenbe yo aktif, kounye a yo pa gen twòp amizman pou yo pwofite sinon rete lakay. Se travay nou kòm paran pou nou kreye aktivite pou timoun yo ka pwofite pandan yo nan kay la. Si n fè sa, sa ka vin kreye abitid ki bay lasante ki ka rete apre pandemi a pase.

Enpòtans sa genyen pou kenbe pitit ou aktif

Pandan nou nan tan ensètitid sa a akoz kowonaviris la, fè egzèsis gen dwa se dènye bagay ki vin nan lespri w pou ta ajoute nan lis bagay pou fanmi an fè. Men ekspè dakò si n kenbe timoun yo an fòm sa ka fè mèvèy pou fizik ak mantal yo. Òganizasyon mondyal lasante rekòmande pou timoun ak jenn moun fè egzèsis pandan omwen 60 minit chak jou, etid montre sa kontribiye nan devlopman sante fizik yo e sa benefisye yo nan abilite pou yo aprann pi byen, travay pi byen lekòl, dòmi pi byen, e sa ede yo mete ekilib nan emosyon yo ak kontwole estrès yo.

Bay rekreyasyon premye enpòtans

Pandan prèske tout lekòl fè on bon kanpe, anseye timoun yo lakay tounen nouvo sitiyasyon nòmal pou yo. Sa vle di yo pa gen rekreyasyon ankò pou yo jwe ak zanmi yo nan lekòl yo kote aktivite fizik te ka fèt fasil. Men pandan yap aprann lakay, si n ba yo ti rekreyasyon pou y al pran lè epi si n pase tan avèk yo nan kèk aktivite fizik, sa ap ede ni timoun ni paran.

American Heart asosiyasyon sigjere omwen 30 minit “rekreyasyon” nan jounen an pou chèche opòtinite ki inik pou timoun nan ak anviwònman ou. Panse ak aktivite ki amizan, ki fasil pou yo fè tankou: monte bekàn, jwe lago kache oubyen senpman voye boul youn bay lòt.

Rete aktif nan kay la

Si espas nan kay la limite, sa pa vle di egzèsis dwe limite tou. Gen plizyè fason pou timoun ret aktif epi pase bon moman, pandan yo nan karantèn lan anndan lakay yo, menm lè yo pa ka ale deyò. Sa ki bon an sèke plizyè fanmi nan menm sitiyasyon an, kon sa nou kapab konte sou youn lòt pou n jwenn kèk bon aktivite pou n fè. Tankou, Walking 4 frienship circle 3K ki fèt chak ane a te vin fèt vityèl ane sa a e li te pwograme pou 3 me ane sa a. Mache poukont ou, ak fanmi w, menm anndan kay ou pou w patisipe epi ede yon bon koz (Frienship Circle) pandan w rete aktif. Si w montre bibit kreyatif ou, w ap jwenn fason pou montre vrè bibit ou epi ede timoun yo rete aktif, nan aktivite ki amizan menm si se anndan lakay ou. Eseye aktivite pi ba yo:

  • Eseye yoga pou timoun. Si w gen aksè sou Youtube w ap jwenn plizyè bon videyo amizan sou yoga pou timoun. Si w pa gen aksè, bay timoun yo 5 egzèsis pou detire epi ba yo 20 segond pou chak mouvman. Repete aktivite sa a 3 fwa pandan de twa minit kalmi.
  • Fè yon konkou vire sèk nan senti ki rele “Hula hoop” la. Si w gen ase ekipman lakay ou, wè kiyès ki ka kontinye vire sèk la pou plis tan. Nou pwomèt ou sa ap on bon moman pou fanmi an, e jan nou pral ri anpil ap kenbe enèji pozitif anpil tan apre nou fini ak aktivite a.
  • Fè dans friz la (freeze dance). Sila a fasil fasil. Mete kèk mizik epi anbake tout moun nan danse. Kanpe mizik la chak de twa segonn epi di tout moun friz. Depi gen yon moun ki pa gentan friz, li pral sote 5 fwa.
  • Itilize resous an liy. Resous vityèl tankou GoNoodle plen ak jwèt ansanm ak aktivite pou kò timoun ak sèvo yo. Gen lòt resous gratis tou pou sipòte fanmi ki gen timoun pandan KOVID-19 la.
  • Timoun ki gen andikap tou ap santi yo byen lè yo fè aktivite sa yo epi Easterseals South Florida gen anpil aktivite pou yo ou ka tcheke sou sit StayHomeMiami.

Avantire n deyò, avèk pridans

Sant pou kontwole maladi (CDC) rekòmande pou nou tout pratike distans sosyal pou KOVID-19 ka diminye. Pou sa fèt, ann evite foul moun, gwo evènman epi rete 6 pye distans ak moun ki pa fanmi w.

Men sa pa vle di timoun paka al deyò! Depi yo respekte mezi distans soyal yo ak bon jan lijyèn, on ti lè fre deyò ap fè yo anpil byen. Menm kèk pwen sou jan yo ka soti deyò al jwe sennesof:

  • Al mache an fanmi. Ann serye, kiyès ki pa ta renmen pran on ti poz avèk kesyon aprann lakay, ak nouvèl san rete k ap vini toutan? Epi lè fanmi an al mache ansanm pandan 30 minit, non sèlman n ap ret fè egzèsis, men tou nou ka pale ansanm sou bagay nou pa t gen chans pale avan.
  • Pratike men jaden w. Avèk tan chalè kounye a, se on bon moman pou fè timoun yo aprann plante oubyen kreye on jaden. Rache vye zèb, fouye tou, plante e wouze plant nan solèy la se yon bon fason pou kè w rete kontan.
  • Fè yon piknik an fanmi. Met dlo nan blad, pase baton, fè kous ak janm de bwa, fè kous sa k rive avan… pa manke posibilite
  • Tankou tan lontan. Ou sonje tan moun te konn jwe marèl, fè glisad nan kim savon ak kous obstak ak sèk nan senti? Ou ka reviv jwèt sa yo ou te renmen lè w te piti a etan w ap fè yo ansanm ak pitit ou. Se yon fason amizan pou ni timoun yo ni oumenm bouje — epi sa kab ajoute yon ti kras lajwa nan kè nou, yon bagay nou tout ap chèche jounen jodi a.

Pwofite de mòd lavi ki tounen nouvo nòmal la, lakay ak timoun yo

Kounye a w’ap kite sitwèb StayHome.Miami la.

Konnen ke lè ou sòti sou sitwèb sa, enfòmasyon ou yo pa sou pwoteksyon nou ankò. The Children’s Trust pa responsab pou kalite enfòmasyon ke lot sitwèb ki afilye ak li yo ap ofri nou. Adrès lyen ki mennen ou sou lot sitwèb sa yo pa vle di ke nou andose yo.

Tanpri Klike sou ‘OK’ pou nou ale sou nouvo sitwèb la, oswa klike sou ‘Cancel’ pou retounen kote ou te ye a.

Britto coloring book, multi-color

Si w ap viv nan konte Mayami-Ded, The Children’s Trust ansanm ak Romero Britto ap twò kontan voye on liv pou desine pou pitit ou GRATIS.

Yon ti nòt souple: Dapre lwa nan Florida, adrès imèl se dosye piblik. Si w pa ta vle adrès imèl ou devwale sizoka gen yon demann dosye piblik pou sa, pa voye imèl bay enstitisyon an oswa pa bay imèl adrès ou. Ou kapab swa rele biwo nou swa ekri nou yon lèt pito. Nou voye liv sèlman bay moun k ap viv nan konte Mayami-Ded.

Britto coloring book, multi-color

Kòmanse pase bon moman ak liv pou desine Romero Britto fè gratis

Yon ti nòt souple: Dapre lwa Florida, Imèl ou se yon rekò piblik li ye. Si w pa ta vle nou bay imèl ou si yo ta mande, pa voye imèl ba nou oubyen ba nou li. Pito w kontakte biwo nou pa telefòn oubyen yon lèt.