Entènèt la kapab yon kote efreyan anpil lè w ap chèche repons sou kesyon medikal. Nenpòt moun ki gen yon ti laperèz maladi menm tou piti pral konnen ki pyèj ki genyen nan tcheke entènèt pou yo chèche dyagnostik, tretman oswa pou chèche enfòmasyon sou diferan maladi, maladi, kontajyon ak viris.
Malgre sa, yon nouvo reyalite kote lopital sichaje, sistèm sante depase fè menm moun ki plis toujou santi yo malad oblije tounen tèt yo gade mond dijitalize a pou ede yo ak kontwòl sante yo. Erezman, menm anvan pandemi an te frape, te gen yon chanjman kondiderab kote plis moun sèvi avèk telesante ansanm ak sèvis telemedsin (telemedsin nan vle di espesyalman klinik a distans), e gen sèvis ladan yo pou timoun yo.
Telemedsin pèmèt doktè evalye, dyagnostike ak trete pasyan yo atravè vizit ki fèt nan videyo oswa nan telefòn. Sesyon yo kapab pou nenpòt bagay, tankou yon vizit tchèk, yon swivi oswa menm yon evalyasyon pou KOVID-19. Mòd swen medikal kon sa gendwa nouvo pou ni ou ni doktè w epi lè n konnen ki sa pou n atann ak ki sa nou genyen, sa kab rann pasaj la pi dous epi sa ka ede ou jwenn plis enfòmasyon posib nan vizit ou.
#QuarantineDiaries: When your kid has been #Quarantined for four weeks but gets an ear infection. #Telehealth doc is like: pic.twitter.com/LrNG2lW5Rz
— Juliet B. Martinez (@JulietBMartinez) April 13, 2020
Ki sa ou kapab atann pandan vizit ou an liy
Anvan vizit doktè vityèl ou a, asire w kote w ye a se yon plas ki plizoumwen trankil, prive epi ki byen klere, yon fason pou ou ka pale san rezèv ak doktè a epi ou dwe prepare pou nenpòt ki egzamen fizik ki posib yo ta ka fè pa videyo.
An jeneral yon vizit videyo kòmanse ak yon mesaj pa tèks ki voye yon lyen ba ou ki mande w jwenn ak doktè a nan yon apèl konferans an sekirite. Lè sa a, ou pral konekte dirèkteman swa ak doktè a oswa ak yon enfimyè oubyen yon asistan medikal ki moun ki pral poze w kèk kesyon de baz anvan doktè a parèt. Si doktè ou se manm yon sistèm sante ki pi vas, vizit la gen dwa fèt apre ou fin ouvri kont pasyan ou an tout sekirite. Pou vizit nan telefòn, oumenm oswa doktè a ap kòmanse apèl la nan lè randevou a te fikse a.
Egzaminasyon an limenm pa twò diferan ak fason sa konn fèt lè w l nan biwo doktè a. Sof kounye a, doktè a p ap kab touche w. Doktè a pral koute pwoblèm ou oswa enkyetid ou, l ap poze w kesyon epi l ap egzaminen nan limit ki posib. Nan fen vizit telemedikal la, yo pral detèmine èske plis tès medikal dwe fèt pou pasyan an, tankou tès laboratwa, radyografi, oubyen èske yon lòt vizit telemedikal nesesè oswa yon vizit nan biwo doktè a menm. Nenpòt preskripsyon yo gen pou ou, y ap voye l nan yon famasi oswa pa lapòs. Si ou ta gen nenpòt kesyon, ou ka rele biwo a jan ou ta fè sa nòmalman.
Swen pedyatrik vityèl
Jis paske nou nan mitan yon pandemi mondyal sa pa vle di maladi komen timoun yo ak alèji annik disparèt. Alòske pwoblèm tankou vaksen pou iminizasyon oswa zo kase toujou mande pou malad la ale nan yon biwo doktè oswa sal ijans, yon randevou pedyatrik vityèl fè li posib pou timoun yo resevwa swen pwofesyonèl abityèl pandan izolasyon an.
Lè w itilize platfòm tankou Zoom, FaceTime, oswa aplikasyon ki konsakre pou telesante, yon vizit pedyat vityèl mande menm kantite preparasyon ak yon randevou tradisyonèl, avèk kèk ajisteman. Asire w tout bagay ou bezwen an plas, anvan randevou a, tankou yon balans, yon tèmomèt, nenpòt medikaman timoun nan ap pran, eksetera… tout sa ka fè machasuiv yo fèt pi fasil.
Paran yo ta dwe kreye yon kalandriye tou kote yo ekri tout sentòm ki konn parèt, nan ka vizit ki an rapò ak maladi, epitou yo yo ta dwe make tout kesyon enpòtan oswa enkyetid yo vle diskite ak doktè a. Anplis, anpil platfòm telesante gen yon fonksyon byen detèmine espesifik pou pèmèt paran voye foto ak dokiman enpòtan bay pedyat la davans, avan lè randevou a (menm jan ou ta fè pou randevou an pèsòn).
Sèvis sante mantal
Pandan tan izolasyon ak ensètitid ekonomik sa a, sante mantal moun ka soufri, yon bagay ki lakòz yon pik enkyetid, depresyon ak depandans, anpil fwa. Nan yon efò pou reponn bezwen sa yo, anpil founisè sante mantal adopte teknik ak teknoloji ki gen nan telemedsin pou ede moun ki bezwen konsèy.
“Nou vle pou moun yo konnen fleksibilite ki pral an plas kounye a ki pral pèmèt yo jwenn swen ak tretman”, dapre sa Elinore McCance-Katz te di NPR. Li se asistan sekretè nan Depatman sante ak sèvis imen epi alatèt Sèvis toksikomani avèk Administrasyon sèvis sante mantal.
Introducing Monster Meditations with everyone’s favorite furry friends and @Headspace! Sweep the clouds away with these new videos and introduce your little ones to mindfulness and meditation alongside some familiar friends. Watch the first video now: https://t.co/JAAgmm2Pxs pic.twitter.com/pAQrlSTwWY
— Sesame Street (@sesamestreet) April 15, 2020
Pou n jwenn swen medikal an liy ki abòdab
Asirans pou telemedsin kapab diferan pou chak Eta, men ak pandemi kounye a, anpil founisè fè amandman nan politik asirans yo epi nan sèten ka yo menm anile pati peyman pa pasyan yo. Li ta bon pou w rele founisè asirans ou a anvan ou vizite doktè a pou ou ka konn ki sa asirans lan kouvri.
Pou moun ki pa gen asirans sante, gen yon kantite chwa ou ka fè kote ou ka jwenn sèvis swen medikal sou entènèt san w pa peye anyen.
- MD Live pèmèt pasyan konekte ak doktè medikal oubyen pedyat epi li ba yo aksè nan sèvis terapi sante konpòtmantal ak sikyatri chak fwa yo bezwen sa. MDLIVE ofri pasyan aksè pou lòt doktè si pa gen ijans, lè doktè prensipal yo pa disponib. An jeneral pasyan ka rete tann mwens pase 15 minit anvan yo jwenn yon doktè lisansye pou konsilte yo.
- LiveHealth mennen doktè ki kalifye ba ou chak fwa ou bezwen yo, san w p ap peye anyen. Jis enskri, konekte epi chwazi doktè ki apwopriye pou pwoblèm ou an. Doktè ki sèvi avèk aplikasyon an bay swen pou tout bagay soti nan grip ak bwonch rive nan alèji, enfeksyon po ak plis lòt pwoblèm. Aplikasyon an genyen terapet lisansye tou, konsiltan pou laktasyon, dyetetisyen ak lòt pwofesyonèl.
- TalkSpace se yon fason pratik, abòdab e efikas pou w chèche amelyore sante mantal ou, pou yon pri ki kòmanse avèk 25 dola pa semèn. Sèvis abònman sa a pèmèt ou voye tèks san limit, odyo, foto oswa mesaj videyo nenpòt ki lè bay terapet ou. W ap jwenn repons omwen yon fwa chak jou, senk jou nan yon semèn. Ou ka chwazi ajoute sesyon videyo an dirèk tou.