Sant pou kontwol maladi (CDC) gen yon paj entènèt espesyal ki bay enfòmasyon sou Kowonaviris, mizajou ak konsèy. Klike la a
Paj entènèt sou Kowonaviris Miami-Dade County a gen mizajou tou ansanm yon lis lòt resous. Klike la a
Paj entènèt sou Kowonaviris Depatman Sante Florida. Klike la a
Komisyon eskolè Mayami-Ded gen yon paj entènèt sou Kowonaviris tou, ansanm ak yon Gid pou paran sou nouvo viris sa a. Klike la a
Èd pou granmoun aje: Depatman Florida pou Granmoun ajeTelefòn espesyal pou sa: 1.800.96.ELDER (800.963.5337). Responsab swen sante san limit.

Kenbe bon sante nan moman kriz: Ranfòse sante emosyonèl timoun yo Klike la a

Resous sou aprantisaj a distans pou elèv ak pwofesè Klike la a

Gid resous konplè pou elèv ak pwofesè Klike la a

Parent Academy gen anpil resous ki disponib nan lekòl piblik konte Mayami-Ded.

Share

Share on facebook
Share on twitter
Share on whatsapp
Share on email

More subjects

Liy asistans 211 kanpe pou leve defi kowonaviris la

Apèl yo vin double pandan kriz la

Nan moman kriz, enfòmasyon vin pi enpòtan. Men pandan medya tradisyonèl ak medya sosyal ap voye enfòmasyon monte 24 sou 24 san rete, pa gen twòp enfòmasyon ki fyab sou gwo bezwen ak resous enpòtan moun bezwen chak jou nan pwòp katye nou yo.

Se lè sa a “211 Miami” parèt nan lèl la.

Se Sèvis kominotè Jwif nan sid Florida (Jewish Community Services of South Florida) ki opere liy 211 avèk finansman The Children’s Trust. 211 disponib 24 sou 24, pou ban nou resous, direksyon, gid ak sipò endividyèl lè gen bezwen pou sa, pandan moman kritik yo. E menm lè se yon resous moun ka fye, liy asistans sa a vin enpòtan anpil anpil sitou avèk boulvèsman ki vin genyen anndan soyete a pandan pandemi kowonaviris la.

“Kantite apèl nou reponn plis pase doub sa nou abitye reponn nan tan nòmal”. Se sa Direektè Richard Shutes di, epi l ajoute ekip li a ki gen an tou 32 anplwaye a tan plen oubyen a tan pasyèl fè lè siplemantè pou yo ka reponn tout kantite apèl an plis sa yo pou asistans.

Sa pa ta dwe yon sipriz lè twouve pi fò apèl 211 pandan pandemi a se apèl ki an rapò dirèk ak ensètitid anpil fanmi ki pa gen gwo revni. Dapre Shutes, “Plis rekèt nou resevwa makònen ak manje, swen sante, lojman, sipò pou revni ak sèvis sante mantal”.

Direktè a kontinye avèk istwa yon koup ki rele 211 pou yo ka konnen ki kote yo ka jwenn manje nan kòmansman pandemi a. Malgre yo fè yo konnen makèt yo ap ret louvri, operatè a bay koup la yon lis kote y ap bay liy machin manje nan zòn Mayami. “Koup la te vrèman rekonesan paske yo te panse al dèye manje kote y ap rete nan machin yo pi sennesof mache antre anndan yon makèt.

Anplis mizajou yo toujou fè nan resous yo, pèsonèl k ap tavay nan sistèm liy 211 gen fòmasyon sou jan pou yo jere apèl konfidansyèl ki gen pou wè ak sitiyasyon sante mantal, tankou moun ki vle touye tèt yo. “Liy 211 Miami ofri konsèy pou moun ki an detrès emosyonèlman oswa moun k ap goumen ak lide suisid”, dapre sipèvizè 211, Tiffany Hernandez. “Nou gen plis pase 4 000 pwogram nan baz done nou pou Mayami-Ded ak Monnwo [konte]”.

211 Miami se sèl liy asistans nan Mayami-Ded ki ofri sèvis 24 sou 24 pou konsèy ak enfòmasyon oswa referans. Liy sa a konekte moun k ap ranpli taks pou yo ede yo gratis, kan ete, ajans sou sante mantal ak moun k ap pran dwòg, pwogram pou ansyen konbatan, klinik kominotè, pwogram pou granmoun aje ak lòt resous.

Pou konn plis bagay sou 211 vizite https://jcsfl.org/services/helpline/ oswa annik rele 211.

Kounye a w’ap kite sitwèb StayHome.Miami la.

Konnen ke lè ou sòti sou sitwèb sa, enfòmasyon ou yo pa sou pwoteksyon nou ankò. The Children’s Trust pa responsab pou kalite enfòmasyon ke lot sitwèb ki afilye ak li yo ap ofri nou. Adrès lyen ki mennen ou sou lot sitwèb sa yo pa vle di ke nou andose yo.

Tanpri Klike sou ‘OK’ pou nou ale sou nouvo sitwèb la, oswa klike sou ‘Cancel’ pou retounen kote ou te ye a.

Britto coloring book, multi-color

Si w ap viv nan konte Mayami-Ded, The Children’s Trust ansanm ak Romero Britto ap twò kontan voye on liv pou desine pou pitit ou GRATIS.

Yon ti nòt souple: Dapre lwa nan Florida, adrès imèl se dosye piblik. Si w pa ta vle adrès imèl ou devwale sizoka gen yon demann dosye piblik pou sa, pa voye imèl bay enstitisyon an oswa pa bay imèl adrès ou. Ou kapab swa rele biwo nou swa ekri nou yon lèt pito. Nou voye liv sèlman bay moun k ap viv nan konte Mayami-Ded.

Britto coloring book, multi-color

Kòmanse pase bon moman ak liv pou desine Romero Britto fè gratis

Yon ti nòt souple: Dapre lwa Florida, Imèl ou se yon rekò piblik li ye. Si w pa ta vle nou bay imèl ou si yo ta mande, pa voye imèl ba nou oubyen ba nou li. Pito w kontakte biwo nou pa telefòn oubyen yon lèt.