W ap ret tann pou wè sa nouvo reyalite lavi a pral ye pandan kowonaviris la? Ebyen, sa kòmanse depi lakay, kote oumenm ak pitit ou ap pase pi fò tan nou ansanm pi devan. Pi bon apwòch la se va diferans jan w ap raz pandan plizyè èdtan, oubyen pi mal, ak kè sou tansyon, estrès, lapèrèz avèk tan w pase ap travay, ap aprann e pase bon moman ak pitit ou, moman w te gen dwa pa t janm genyen oswa w pa janm genyen ankò.
Li pa pral fasil men pale a pitit ou, pataje emosyon youn ak lòt e fè timoun yo santi yo sennesof, sa ap ede nou simonte tan difisil sa a ansanm.
Reziyen n ak reyalite a
Tabli bon abitid
PSA for office folks suddenly working from home #remoteworking pic.twitter.com/3NBXABzyHf
— Ted Goas (@TedGoas) March 10, 2020
Lekòl lakay pou tout moun
Pandan lekòl lakay tounen yon opsyon ki fezab pou tout popilasyon an nan dènye ane sa yo, kounye li se yon pati nan lavi chak jou nou, omwen pou kounye a. Men sa pa vle di eksperyans patikilyè ou pral ranplase lekòl konplètman e li pa ta sipoze.
Kimberly Fox, nan pwojè li ak ekri (The Reading and Writing Project) nan Columbia University nan New York, te di ou pa bezwen kwè nan bon kalite ki gen nan lekòl lakay pou w ta angaje ladan l pandan moman sa yo. “Nou pa oblije lekòl noumenm”. Se sa Fox te di CNN . “Anba sikonstans sa so, nou pa pral ranplase tout sistèm mizanplas lekòl genyen, men nou ka fè de twa bagay k ap fè timoun yo santi yo plis an sekirite e pou fè nou santi n ap fè plis nou kapab nan moman sa a.
Erezman pou rezidan nou yo, lekòl piblik nan konte Mayami-Ded mete ansanm yon plan k ap toujou kontinye anseye moun pandan pandemi kowonaviris, yon plan ki ofri aparèy pòtab pou aprann, enstriksyon e menm entènèt pou n ka konekte pi fasil pandan lekòl fèmen. Menm lè sa pou n fè timoun yo vin abitye ak sistèm sa a, sa ap pran yon ti tan, kon sa pran pasyans avèk yo.
Fè yo patisipe nan lavi anndan kay la
Corona Virus got our school CANCELED so my mom called a meeting pic.twitter.com/r5j17FjfZj
— 𝚃𝚢𝙱𝚘𝚝𝚝 (@TyBottOfficial) March 14, 2020
Planifye tan pou n detann nou epi al deyò
Pandan w vle pitit ou fè travay yo byen ni pou lekòl ni pou travay nan kay, ou vle tou ba yo tan pou yo jwe. Sa vle di kite sèten lè patikilye kòm moman pou yo jwe, jwenn ak lòt zanmi yo epi fè yon ti parese. Menm jan ak rekreyasyon nan lekòl ki bay timoun yo chans pou yo defoule yo.
Sa vrèman enpòtan tou pou fè yo al deyò lè sa posib. Menm lè kèk zòn gendwa gen diferan lwa, li bon pou timoun yo al deyò e rete aktif. Menm si se pou yo fè espò oubyen sèlman pou yon ti pwomennen nan zòn nan. Fè yo soti al pran on ti lè.
Dijital pou pote sekou
Disponibilite aparèy dijital — kit se jwèt videyo, difizyon oswa platfòm rezo sosyal — tounen yon bagay ki enpòtan anpil pandan dènye tan sa yo. Pitit ou yo ka kontinye konekte ak fanmi, ak zanmi, yon bagay ki pa ta posib otreman, yo ka gade emisyon sou edikasyon oswa emisyon sou amizman epi yo ka kontinye santi yo fè pati mak fabrik sosyal mond lan e sa ba yo yon santiman inite ak solidarite pandan sikonstans difisil sa yo.
Soti nan koute liv odyo ak podkas sou aparèy ou, rive nan jwe mo kwaze e menm fè yoga ansanm oswa medite, gen yon kantite bon bon aplikasyon oumenm ak pitit ou ka pwofite lakay nou. Tcheke lis sa a CNBC mete ansanm nan.
Menm si vwayaj ekskisyon se yon bagay nou pa pral wè pandan yon bon ti tan, ekskisyon vityèl se bon fason pou enstwi timoun yo epi pou yo retire lespri yo sou konfinman anndan kay la, menm lè kò yo pa kab fè sa. Oumenm ak timoun ou yo kapab vizite yon kantite mize ak zou toupatou nan mond lan ki ofri tou vityèl kote n ka gade tout bagay soti nan atizay rive bèt nou pa abitye wè. Tcheke mize Louvre, Van Gogh Museumand Guggenheim pou yon vakans vityèl nan nenpòt kote sou latè, ouvè Google Earth epi vwayaje atravè mond lan pou fè eksplorasyon ak pitit ou.
mize Louvre, Van Gogh Museum, Guggenheim Museum
Check out The Louvre, Van Gogh Museumand Guggenheim Museum For a virtual vacation to anywhere on the planet, launch Google Earth and zip around the world exploring with your children.
Yon ti mo pridans: mete kèk limit sou konbyen tan timoun yo ka pase sou entènèt epi kontinye kontwole kalte enfòmasyon y ap gade.
Fè brikolaj, rete kreyatif
Pèsonn pa konnen konbyen tan sitiyasyon nou ye a ap dire oswa si pral gen plis limit toujou. Men, kèlkilanswa sa k ap pase nan mond lan deyò a, anndan kay nou kapab tounen yon chodyè kreyativite pou ou ak pitit ou. Nou poko prèt pou n atenn limit kreyativite nan sèvo moun sou tè a epi tout sa n bezwen se tape pwòp sèvo n ak pa pitit nou, epi chita konsantre n, pou n vin ak kèk jwèt amizan, aktivite brikolaj oswa menm kèk konvèsasyon enteresan.
Gen yon atik resan nan Time.com ki sijere divès aktivite fasil moun ka fè anndan kay, ki ta dwe enterese pitit ou, pandan y ap tou ban n okazyon pou n sèvi ak kèk bagay nou te mete nan yon kwen epi nou oblije netwaye. Pami bagay sa yo, genyen resipyan pou lave jwèt, kote w kite timoun yo lave jwèt plastik yo nan yon gwo resipyan (sa amizan epi sa anseye yon bon abitid lijyèn; Wout nan bwat, kote ou plati yon bwat epi ou sèvi ak makè pou trase yon kat ak wout ladan, apre sa ou ajoute blòk plastik ki sèvi kòm kay, ansanm ak lòt jwèt ki pèmèt ou vin kreye yon vil vityèl; epitou ou ka kreye atizay ak sèten bagay fatra, kote ou pèmèt timoun yo pentire sèten bagay nou pa t bezwen ou voye yo jete.
Day 5 #coronavirus quarantine
— Webstar EGTV (@EgtvWebstar) March 17, 2020
Arts and Crafts Time! pic.twitter.com/Qn5oZdsOg5
Si ou santi nou fin epuize tout imajinasyon nou pou kounye a, pa gen okenn mal nan chèche èd kèk kote tankou Manmi Poppins, Pop Sugar, USA Today ak plizyè lòt kote ankò. Natirèlman, ou ka toujou jis ale sou tablo Pinterest The Children’s Trust pou pran plis lide sou aktivite nou ka fè lakay nou ak timoun yo.